Accessibility links

Breaking News

Sante Ansyen Prezidan Afrik di Sid la, Nelson Mandela, Toujou nan yon Eta Grav


Sitwayen sid-afriken yo ap viv ak yon espwa melanje ak resiyasyon alòske eta-sante ansyen Prezidan Nelson Mandela rete grav toujou.

Lidè mouvman anti-apartheid la, ki etène nan yon lopital nan vil Pretoria, ap lite anba yon enfeksyon nan poumon depi plis pase yon 2 semèn.

Oken nouvèl nèf pa sòti bò kote gouvènman an sou kondisyon misye Mandela. Moun kap viv nan vil Soweto yo eksprime souwè yo pou ansyen Loreya Pri Nobel Lapè a refè.

Prezidan sid-afriken an, Jacob Zuma, di medsen yo ap fè tou sa yo kapab pou yo trete misye Mandela. Li konsidere ansyen lidè a, ki gen 94 zan, kòm papa demokrasi sid-afrikèn nan e, daprè li, peyi a ta dwe konnen Misye Mandela ta pral gen pwoblèm sante pandan l ap antre nan laj.

Prezidan Zuma mande sitwayen sid-afriken yo priye pou Misye Mandela.
XS
SM
MD
LG