Accessibility links

Breaking News

O Brezil, Prezidan Dilma Roussef Pwopoze yon Referandòm sou Refòm Politik


O Brezil, aprè plis pase yon semèn manifestasyon ki dewoule atravè tout peyi a, Prezidan Dilma Roussef deklare, lendi 24 jen 2013 la, gouvenman li a pral fè yon referandòm pou l ka lanse yon pwosesis refòm politik. Prezidan Roussef di:

“Nan pwen nou rive la a, mwen ta renmen pwopose yon deba sou pwopozisyon pou yon plebisit popilè dewoule pou pèmèt nou lanse yon pwosesis konstitisyonèl pou nou fè refòm politik peyi a bezwen yo. Brezil pare pou l pouse pou pi devan e fè tout moun wè byen klè li pa vle rete ap make l pa an plas. Nou dwe fè lit kont koripsyon an tounen yon priyorite, e menm plis pase sa nou déjà fè nan chak aspè lit sa a. ”

Madan Rousseff bay detay sou yon pwojè gouvènman an genyen pou l depanse 23 milya dola nan domèn transpò piblik, envestisman nan edikasyon ak swen sante, epi fè presyon pou konbat koripsyon politik. Lendi 24 jen 2013 la, prezidan an te rankontre nan Brazilya avèk gouvènè eta yo, majistra yo epi ak kèk lidè mouvman pwotestasyon an ---pami yo te genyen reprezantan militan sektè transpò piblik la ki te rive fòse otorite plizyè vil anile ogmantasyon yo te mete sou pri transpò a.
XS
SM
MD
LG