Accessibility links

Breaking News

Diskou Pwovokatè yon Militan Chinwa nan Taiwan


Militan avèg chinwa Chen Guangcheng rive nan Taiwan kote li pral pwononse yon diskou ki byen kapab soulve kòlè Peken.

Assosyasyon pou dwazimen chinwa nan Taiwan pibliye yon deklarasyon kote li fè konnen vwayaj misye Chen nan, kap dire 18 jou, antre nan kad efò militant an ap fè pou sitwayen chinwa parèy li yo kapab gen plis posiblite pou yo jwi libète yo epi egzèse dwa yo kòm kretyen vivan.

Misye Chen te pwovoke yon kriz diplomatik ant Lachin ak Lèzetazini sa gen yon lane, lè li te kouri kite rezidans siveye kote otorite yo te mete l la pou l t ale nan Anbasad amerikèn nan nan Peken. Li te fè otorite chinwa yo fache, paske li te prepare dokimante sou plent moun pote pou yo denonse avòtman fòse ki makònen ak yon politik ki oblije fanmi chinwa yo genyen yon sèl pitit –yon politik kote Leta chinwa komèt abi, daprè moun ki pote plent yo.

Chen Guangcheng te jwenn pèmisyon finalman pou l kite Lachin e vwayaje Ozetazini kote lap patisipe nan yon pwogram ki ba li yon bous dètid nan Inivèsite Nouyòk.
XS
SM
MD
LG