Prezidan sid-afriken-an, Jacob Zuma, di ewo mouvman anti-Apartheid la, Nelson Mandela, rete nan yon kondisyon grav 2 semèn aprè yo te mennen li lopital akoz yon enfeksyon nan poumon.
Nan yon konferans pou la près Misye Zuma bay byen bonè lendi 24 jen 2013 la, li itilize non tribi Misye Mandela, Madiba, pou l pale de ansyen lidè a ki genyen 94 zan. Prezidan Zuma bay sitwayen sid-afriken yo konsèy pou yo aksepte le fèt ke kondisyon sante ewo yo a ap deteryore e pou yo priye pou li. Misye Zuma te vizite Nelson Mandela nan yon lopital nan vil Pretoria byen ta dimanch. Nan konferans pou laprès lidè sid-afriken an bay la, li deklare :
« Mandela se yon nonm ki te batay e ki te sakrifye vi li pou yon bon koz, menmsi l te gen pou l pase lontan nan prizon pou sa; se sitwayen sid-afriken ki pase pi lontan nan prizon nan tout istwa peyi a. Li se youn nan moun ki pote plis kontribisyon nan lit pou defann ideyoloji demokratik la; alòs, li se yon nonm nou tout renmen anpil. »
Prezidan Zuma ajoute doktè yo pwomèt pou yo fè tou sa yo kapab pou yo trete loreya Pri Nobel Lapè a e pou yo fè li santi l alèz. Lidè sid-afriken an ajoute sante Misye Mandela pa pral genyen okenn konsekans sou yon vizit prezidan ameriken an, Barack Obama, gen pou l fè anvan lontan ann Afrik di Sid.
Dimanch 23 jen 2013 la, biwo prezidans la nan Pretorya te fè parèt yon nòt pou di anbilans ki te kouri lopital ak misye Mandala nan dat 8 jen pase a, te pran pàn motè nan wout, e sa te fè li pran reta pou l rive lopital la. Sepandan, daprè nòt prezidans la, anbilans la te gen abò li yon ekip doktè espesyalize ; konsa, yo te pran tout dispozisyon pou sa pat genyen move konsekans sou eta-sante Misye Mandela. Menm nòt la demanti nouvèl ki fè konnen malad la ta soufri yon atak kadyak. Sa gen kèk ane deja depi ansyen lidè sid-afriken an pa an bòn sante; e depi desanm 2012 se 4èm fwa yo mennen li lopital.