Accessibility links

Breaking News

20 Jen 2013: Jounen Mondyal Refijye


Nan okazyon Jounen Mondyal Refijye yo, jedi 20 jen 2013 la, Wo Komisarya Nasyonzini pou Refijye yo fè konnen kriz k ap dewoule nan peyi Siri, depi plis pase 2 zan deja a, fè moun bliye sò plizyè milyon refijye ak moun ki oblije kite kay yo pa lafòs sou kontinan Afriken an.

Ajans Nasyonzini pou Refijye a mande kominote entènasyonal la sonje ke tout afriken ke konfli fòse kite kay yo, se moun ki bezwen apui yo. Nan menm okazyon an, otorite ameriken yo òganize yon seremoni nan Sal Benjamin Franklen an, nan Depatman Deta a, kote sekretè deta, John Kerry, attire atansyon sou defi sitiyasoyn refijye yo poze pou lemond e li fè konpliman pou moun k ap travay pou fè fas ak defi sa yo.

Misye Kerry di: “Jodiya, m ap anonse ke, ane sa a, nou preske double kontribisyon nou pote bay ajans l’ONU pou Refijye-a. Nou pran angajman pou n bay Wo Komisarya l’ONU pou Refijye a 415 milyon dola, sa ki pote pakè total nou pou ane 2013 la nan nivo 890 milyon dola. E se avèk fyète map di sa fè Lèzetazini tounen peyi ki bay pi gwo kontribusyon-an nan lemond antye."

Ajans Nasyon Zini pou Refjye a rapòte gen plis pase 45 milyon refijye ak moun ki anbandone kay yo atravè lemond. Se pi gwo chif ajans la pibliye depi ansyen Yougoslavi a te demantle nan ane 1994.
XS
SM
MD
LG