Prezidan ameriken an, Barack Obama, bay detay sou vizyon li genyen pou yon mond san zam nikleyè nan yon diskou li pononse, mèkredi 19 jen 2013 la, devan baryè istorik Brandenburg la, nan vil Bèlen, peyi Lalmay. Misye Obama pwopoze pou Lèzetazini ak Larisi redwi asenal nikleyè estratejik 2 peyi yo pou kantite a desann rive 1550 misil disi ane 2018 ; se yon chif ki pi piti pase kantite 2 peyi yo te aksepte nan yon trete yo te siyen an 2009. Nan mesaj sa a, prezidan ameriken an di Washington kapab fè rediksyon nan lasnal nikleyè li a, an menm tan ke lap konsève kapasite pou l asire pwòp sekirite li ak sekirite alye l yo, epi mentni puisans ki nesesè pou li dekouraje tout peyi ki ta vle atake l anvan. Prezidan Obama di :
“Nou kapab asire sekirite Lèzetazini ak tout alye nou yo, tandiske nap konsève yon puisans sèten ki ka dekouraje zòt ki ta gen entansyon atake nou; nou ka fè tou sa pandan nap redui lasnal zam nikleyè estratejik nou yo pou n mete li nan yon tyè sa l ye jounen jodiya. Mwen gen volonte pou m tanmen negosyasyon ak Larisi sou rediksyon sa yo yon fason pou n rive depase epòk lagè fret la kote nou te genyen yon lasnal nikleyè wo nivo. “
Deklarasyon prezidan Barack Obama nan yon diskou li pwononse mèkredi 19 jen 2013 la devan Mi Brandenburg la, nan vil Bèlen, peyi Lalmay. Yon ti moman anvan Misye Obama te fè diskou a, laprès repete yon deklarasyon prezidan ris la, Vladimir Putin, ki ta di kòmkwa –nap site : «Gouvènman ris la pap pèmèt okenn deranjman fèt nan sistèm ki la pou dekouraje yon grand puisans atake yon lòt, e ki ta kapab diminye efikasite fòs nikleyè Larisi yo. » fen sitasyon.
Msye Obama pwononse diskou sa a prèske 50 lane apre prezidan ameriken John F. Kennedy te fè yon diskou memorab devan Baryè Brandenburg la kote li te di -- nap site: «Ich bin ein berliner» – sa vle di an alman: “Mwen se yon bèlinwa”. An 1987, defen prezidan Lèzetazini Ronald Reagan te pwononse yon lòt diskou istorik tou devan menm baryè a kote li te di lidè ansyen Linyon Sovyetik la, Michael Gorbachev : « Mister Gorbachev, tear down this wall...» sa vle di: « Misye Gorbachev, kraze mi sa a. »