Accessibility links

Breaking News

Somè G-8 la Fini ak yon Apèl ki Mande Fen Kriz la nan Peyi Siri


Lidè G-8 yo poze pou yon foto an gwoup nan sant touristik Lough Erne, nan Irland di Nò, kote edisyon 2013 somè a dewoule (18 jen 2013).
Lidè G-8 yo poze pou yon foto an gwoup nan sant touristik Lough Erne, nan Irland di Nò, kote edisyon 2013 somè a dewoule (18 jen 2013).
Prezidan ameriken an, Barack Obama, ak kòlèg ris li a, Vladimir Putin, rekonèt yo gen opinyon diferan sou sitiyasyon an nan Siri; men yo di li lè, li tan pou zak vyolans yo fini e, daprè yo, tout pati konsène yo dwe pote kontribisyon yo nan efò kap fèt pou jwenn yon solisyon pou kriz la. 2 chèf deta yo, ki tap patisipe nan somè G-8 la nan Irland di Nò, te pran yon pòz pou yo diskite sou konfli siryen an. Prezidan Obama di :

“Pou sa k gen rapò ak Siri, nou genyen opinyon diferan sou pwoblèm nan; men nou pataje menm enterè nan efò ki dwe fèt pou redui vyolans la, pou n mete zam chimik yo an sekirite dekwa pou n garanti ke moun pa janm itilize yo, oubyen pou zam konsa pa simaye.”

Misye Obama te kontinye pou l di Prezidan Putin mèsi pou sa lidè ameriken an konsidere kom yon “bon jan chita-tande”. Bò kote pa l, chèf deta Larisi a rekonèt, li menm tou, misye Obama avèk li pa genyen menm opinyon sou sitiyasyon an nan Siri. Prezidan Putin deklare:

« Natirèlman, nou pa genyen menm opinyon; men nou tout genyen entansyon pou n mete fen nan vyolans la nan Siri dekwa pou n anpeche kantite viktim yo ogmante, epi chache jwenn yon solisyon pasifik pou sitiyasyon an; lè m di pasifik la, map pale tou efò pou n fè pati konsène rankontre bò yon tab negosyasyon nan Jenèv. Misye Obama avèk mwen, nou dakò pou n fè presyon
ki nesesè pou tout pati yo prezante bò tab negosyasyon an. »

Ni Prezidan Obama ni Prezidan Putin pa pale sou plan Lèzetazini genyen pou l voye zam bay rebèl siryen yo pou apiye yo nan batay yo kont rejim Prezidan Bashar al-Assad la. Larisi pa sispann voye zam bay gouvènman an nan Siri; paske, daprè otorite yo nan Moskou, se rezilta kontra 2 peyi yo te siyen depi lontan deja.
----------------------------------------------------------------------------------
Dapre dènye nouvèl yo, lidè peyi G-8 yo lanse apèl pou mande yon fen nan kriz la nan Siri; men yo pa ale jiska mande depa Prezidan Bashar al-Assad. Chèf deta prensipal puisans ekonomik yo nan lemond deklare, nan jounen madi a, negosyasyon lapè ta dwe dewoule san pèdi tan pou bay yon gouvènman ki va geyen nan tèt li “prensipal lidè ki merite konfyans piblik la.”

Dirijan peyi oksidantal yo (pami yo nou jwenn prezidan ameriken an, Barack Obama) mande fen rejim Assad la; men lidè Larisi a, Vladimir Putin, refize fè demand sa a tounen yon objektif espesyal.

Pandan patisipan yo tap mete fen nan somè a --ki dewoule nan Lough Erne, yon sant touristik nan Irland di Nò-- yo fè konnen tou responsab sèvis kontribisyon toupatou atravè lemond ta dwe pataje enfòmasyon antre yo “yon fason pou konbat fleo ki rele envazyon fiskal la.” Deklarasyon sa a vize sitou konpayi miltinasyonal ki ouvè kontanbank nan peyi etranje, yon fason pou yo pa peye taks nan pwòp peyi yo.

Yon lòt kote, lidè G-8 yo mete yo dakò pou yo sispann peye teworis ranson yo mande pou libere moun yo pran ann otaj. Aktivite priz otaj ogmante nan Afrik de Lwès, patikilyèman nan peyi Nijerya, kote konpayi petwòl oksidantal yo ap mennen gwo operasyon.

Prezidan Barack Obama –ki tap abòde dosye a nan jounen lendi 17 jen 2013 la- anonse Lèzetazini pral ofri yon lòt sòm 300 milyon dola kap sèvi pou bay manje, abri ak swen medikal pou yon afè de 5 milyon refijye lagè a fè anndan ak andeyò peyi Siri. Pi fò nan lajan sa a pral apiye efò ki sou pye pou ede siryen kap viv nan kan refijye nan peyi Liban, Jòdani, Irak, Turki ak Ejip.

La Mezon Blanch fè konnen li rekonèt kriz refijye sa a reprezante yon gwo fado pou peyi nou site yo; men li bay gouvènman peyi sa yo konsèy pou yo kontinye kite fwontyè yo ouvè pou yo resevwa moun kap kouri pou lagè a. Lèzetazini se peyi ki ofri pi gwo kontribisyon èd imanitè pou refijye siryen yo; pandan 2 zan ki pase yo, li deja bay anviwon 815 milyon dola pou koz la.

Se premye minis britanik la, David Cameron, ki te mete Somè G-8 la sou pye ane sa a; lòt patisipan yo sete lidè peyi Kanada, Lafrans, Lalmay, Itali avèk Japon. Peyi G-8 yo gen lakay yo 50 pousan tout ekonomi mondyal la. Sepandan, yo toujou ap redi pou wè si y a sòti anba yon gwo resesyon ki te frape yo nan ane 2008 ak 2009.
XS
SM
MD
LG