Nan Afganistan, Prezidan Hamid Karzai fè konnen fòs zame peyi a repran responsablite sekirite a pou tout tèritwa nasyonal la nan men fòs militè entènasyonal la.
Misye Karzai –ki tap pale de sitiyasyon an nan peyi li nan kòmansman jounen madi 18 jen 2013 la, nan yon seremoni ki dewoule tou prè kapital la, Kaboul- eben, misye Karzai deklare a pati de jodiya fòs militè afgan yo pral dirije tout efò sekirite yo e, daprè li, se yon gwo reyalizasyon nan lagè afgan an kap dewoule depi 12 zan deja. Avèk seremoni sa a, kòmandan kowalisyon entènasyonal la remèt responsablite sekirite a bay lame Afganistan an.
Seremoni tranzisyon sa a dewoule nan moman eksplozyon yon bonm frape yon lòt zòn nan Kaboul kote atakan yo te vize yon palmantè ki rele Mohammed Mohaqiq e ki rive chape anba eksplozyon an, men gen 3 moun ki mouri. Mouvman Taliban an pat sispann yon kanpay latèrè pandan tout peryòd ki debouche sou tranzisyon responsablite sekirite a nan Afganistan.