Accessibility links

Breaking News

Gouvènman Tik la Menase Voye Lame al' Degèpi Manifestan Yo


Manm KonfederasyonSendika revolisyonè Tiki yo (DISK) ka p manifeste sou plas santral la nan vil Ankara (17 jen 2013)
Manm KonfederasyonSendika revolisyonè Tiki yo (DISK) ka p manifeste sou plas santral la nan vil Ankara (17 jen 2013)
Nan Ankara: Gouvenman an fè konnen li byen kapab utilize konkou lame peyi a pou l kwape manifestan anti-gouvenmantal kap pwoteste depi 3 semèn nan plizyè vil peyi a. Vis premye minis Bulent Arink pale lendi 17 jen an pou l di "si lapolis pa gen fòs ase pou l fè travay la otorite yo byen kapab deplwaye kèk unite nan lame tuk la pou ede menti lòd atravè Latiki.

Deklarasyon sa yo tonbe aprè 5 gwo sendika peyi a tanmen yon grèv nasyonal pou denonse operasyon sere-boulon lapolis lanse kont manifestan plas Gezi yo.

5 gwo sendika sa yo ki reprezante plizyè santèn milye ouvriye tuk egzije pou lapolis mete fen nan zak vyolans lap komèt yo imedyatman. Pifò nan grèv yo se grèv pasifik, men sa pat anpeche la polis anti-emet utilize gaz lakrimojèn e tire kanno dlo lendi pou anpeche yon milye travayè sendika a manifeste nan kapitla la, Ankara.
XS
SM
MD
LG