Accessibility links

Breaking News

Meksik : Delivrans Pou 275 Ouvriye ki Tap Travay Tankou Bèt nan Eta Jalisco


Drapo Peyi Meksik (foto achiv 2011)
Drapo Peyi Meksik (foto achiv 2011)
Responsab meksiken yo delivre 275 moun kontraktè te fòse travay nan move kondisyon e mal touche nan yon izin tomat nan eta Jalisco. Meksik te aboli esklavaj nan kòmansman 19e syèk-la, men anpil meksiken pòv ap viv e ap travay nan kondisyon ki sanble ak esklavaj nan peyi a kòm aletranje.

Pak Endustriyèl biyolojik nan zòn Occidente a se yon antrepriz kote yo triye e anbale tomat nan Toliman, eta Jalisco. Antrepriz la anboche travayè pou yo ka pare tomat pou distribisyon nan rejyon riral tou pre yo.

Komisè gouvènman rejyon an, Salvador De la Cruz, di moun se òf konpayi a ki atire moun sa yo, tankou : bon salè, lojman ak lekòl pou timoun yo.

Komisè meksiken Salvador De La Cruz "antrepriz la ofri ouvriye yo 100 pesos ki egal ak $7.85 ameriken pa jou, lekòl pou timoun ak lòt akomodasyon. Se yon òf ki bèl, men lè travayè rive nan zòn nan, yo rann yo kont reyalite a diferan.

Antrepriz Bioparques De Occidente fòse yo travay plis pase 8 tèd tan, e li pa ba yo 100 pesos la vrèmanvre.

Anplis de sa, otorite meksikèn yo presize kondisyon lojman-yo pa bon ditou, paske travayè yo ap viv pil-sou-pil nan kay ki sal anpil. Sa k pi mal la, anplwaye yo pa gen dwa kite travay la.
XS
SM
MD
LG