Accessibility links

Breaking News

Eleksyon Prezidansyèl Vandredi Nan Iran


Kandida alaprezidans iranyen Mohammad Bagher Qalibaf, majistra kominal vil Téhéran an, pandan yon mitin elektoral. Foto 12 jen 2013
Kandida alaprezidans iranyen Mohammad Bagher Qalibaf, majistra kominal vil Téhéran an, pandan yon mitin elektoral. Foto 12 jen 2013
Iranyen yo ap lage bilten vandredi anba gwo mezi sekirite nan yon eleksyon prezidansyèl rejim nan kontwole anpil.

Kanpay pou 6 kandida ki rete nan kous la fini ofisyèlman jedi 14 jen an. Tout kandida yo jwenn apwobasyon yon gwoup relijye ki nan tèt pouvwa a nan Iran e ke moun konsidere, pou pifò, kòm liy-du ki sipòte jan gouvènman an òganize a e ki fidèl ak lidè Siprèm nan., Ayatollah Ali Khamenei.

Iran fèmen pifò fwontyè li, sènen disidan yo depi kèk jou e mete kèk jounalis anba kòd. Pifò òganizasyon laprès etranje pa jwenn viza pou y al kouvri vòt la.
XS
SM
MD
LG