Ansyen prezidan iranyen, Mohammad Khatami, deklare li apiye kandida modere Hassan Rowani nan eleksyon prezidansyel ki gen pou dewoule vandredi k ap vini an.
Andòsman msye Khatami an vini aprè kandida ki an favè refòm Mohammed Reza Aref wetire kò l nan kouss la.
Msye Mohammed Reza Aref di li kite kouss la apre li te fin resevwa yon lèt misye Khatami ki di l kareman “li pa tap saj si li rete nan konpetisyon elektoral la”.
Refomatè yo lanse apèl pou mande patizan yo vote pou Rowani. Aref se dezyèm kandida ki abandonnen kouss prezidansyèl la semèn sa a.
Gholam Ali Haddad Adel te fè retrè yè lendi a ; li kite 6 kandida ki nan konkirans pou ranplase prezidan Mahmoud Ahmadinejad.