Accessibility links

Breaking News

Siyati Plizyè Kontra Komès ant Lachin ak Kosta Rika

Prezidan Lachin nan, Xi Jinping, siyen yon seri gwo kontra komèsyal ak Kosta Rika, nan moman l ap kontinye vizit yon semèn l ap fè nan Amerik Latin nan.

Apre yon chita-koze ak prezidant Laura Chinchilla nan vil san-Jose, Misye XI deklare relasyon Lachin ak Kosta Rika kapab tounen yon modèl kooperasyon ant peyi diferan dimansyon ak kondisyon nasyonal diferan.

Kosta Rika se sèl peyi nan Amerik Santral la ki genyen relasyon diplomatik ak Peken olye pou se ak Taiwan. Peken e, kòm deretou, rekonpanse San-Jose ak yon seri akò komèsyal ak avantay diplomatik.

Nan kontra yo siyen yè lendi a, Lachin mete yon liy kredi 900 milyon dola anfavè Kosta Rika pou ede l ogmante kapasite l pou ‘l rafine petwòl sou kòt Karayib peyi Amerik Santral la.
XS
SM
MD
LG