Prezidan siryen an, Bashar al-Assad, anonse li resevwa lòt zam nan men, Larisi e l menase pou l reponn kif-kif si Izaryèl lanse yon atak aeryèn kont peyi li.
Nan yon entèvyou misye Assad bay chèn televizyon libanè, Al-Manar, lidè siryen an pa bay twòp presizyon sou zam li resevwa yo ki genyen ladan yo sistèm defans aeryèn sofistike S-300 Moskou te pwomèt li yo .
Prezidan Assad di: « Larisi ap onore tout kontra nou pase ak li, e gen anpil ladan yo ki deja ann aksyon, sa pa gen lontan. E nou menm ak ris yo ap kontinye mete ann aplikasyon tout kontra yo.”
Larisi pa konfime nouvèl konsènan zam sa yo, men li te pwomèt nan semèn nan li ta pra l’ fè yon transfè misil anti-aeryen bay Damas, transfè li di k ap ede dekouraje patisipasyon etranjè nan gè sivil la nan Siri.
Gen kòmantè ki soti ann Izrayèl ki fè konnen eta juif la menase pou l itilize lafòs pou bloke transfè zam nan Lasiri. Prensipal aewopò sivil Izrayèl la twouve li « à la portée » sistèm defans antimisil S-300 Siri a.
Se yon sistèm ki rann ni difisil pou lame eta ebre a mennen atak aeryèn nan Siri. Avan sa, nan mwa me a, Izaryèl te atake yon apwovizyonman zam ki t ap sòt Damas pou al jwenn gwoup militan Hezbollah nan Liban an.
Sepandan, laprès nan Larisi konnen Moskou poko voye ekipman S-300 an bay Damas e si li dwe voye ekipman sa yo, sa ka pran plizyè mwa.