Accessibility links

Breaking News

Meksik: Otorite yo Lanse Avètisman kont Tanpèt Twopikal Barbara


Otorite meksikèn yo lanse yon avètisman pou yon pòsyon nan Meksik ki bay sou lanmè nan moman tanpèt Twopikal « Barbara » ap eseye transfòme tèt li an siklòn nan loseyan pasifik la.

Sant nasyonal Ouragan Lèzetazini an, nan Miami fè konnen moun atann yo aske tanpèt la vin tounen yon siklòn anvan li touche tè.

Tanpèt twopikal Barbara vini ak van k ap soufle ak yon vitèss maksimòm ki preske 100 kilomèt a lè.

Li twouve l kounye a sou yon distans 115 kilomèt o sid rejyon Salina Cruz o Meksik e l ap pran direksyon nòdès ak yon vitès 13 kilomèt a lè.

Daprè previzyon ki fèt sou kesyon an Tanpèt sa a ki ka vinn tounen premye siklon pou ane a e li ka pote lapli ki mezire apeprè 12 santimèt.
XS
SM
MD
LG