Larisi kritike Inyon ewopeyèn nan daprèzavwa li deside leve anba zam kont opozisyon Siri a, e li di desizyon sa a pral nwi efò ki sou pye pou òganize yon Konferans lapè pou mete fen nan vyolans k ap sakaje peyi arab la.
Inyon Ewopeyèn nan dakò pou l mentni sanksyon kont gouvènman siryen an, men li otorize pou zam al jwenn prensipal gwoup opozisyon an, Koalisyon Nasyonal Opozisyon Siri a.
Ajans nouvèl riss Itar-Tass site vis-minis afè etranjè riss la, Sergei Ryabkov, ki deklare desizyon sa a pral nui pèspektiv negosyasyon lapè Larisi ak Lèzetazini te pwopoze mwa pase a.
Minis afè etranjè riss la, Sergei Lavrov, ak sekretè Deta John Kerry te deklare yè / apre yon rankont nan vil Paris (Frans) pou diskite sou plan an / yo rete optimis, malgre defi ya p rankontre pou mete an plas yon efò miltinasyonal.
Misye Lavrov kalifye tach la “yon tach difisil” men li ajoute Larisi ak Lèzetaizni pral fè tout sa yo kapab pou inisyativ la reyisi. Inyon ewopeyèn nan fè konnen li pral evalye sitiasyon negopsyasyon yo pwopoze yo epi konsilte ak Sekretè-jeneral Nasyonzini-an, Ban Ki-moon, anvan tout kagezon zam al jwenn opozisyon an.
Desizyon sa a kapab tonbe anvan dat premye Out. Minis afè etranjè Britanik la, William Hague, deklare “desizyon pou leve anbago zam nan “ mete presyon sou prezidan siryen an, Bashar al-Assad, pou l chèche yon solisyon ki pa yon solisyon militè nan konba kap dewoule depi plis pase 2 zan nan peyi li a.
Misye Hague deklare desizyon sa a se yon siyal djanm pou rejim Assad la, pou di l “li nesesè pou l antre nan yon pwosesis politik e, tankou mwen te di l devan Palman nou an semèn pase, nou pra l franchi etap pou n voye zam nan / ansanm avèk avèk lòt nasyon yo / sèlman nan sikonstans ki kontwole e ki ann ankò ak Dwa Entènasyonal.
Minis afè etranjè britanik la ajoute desizyon jodi a ban nou plis fasilite pou n aji nan lavni pou n fè fas ak yon sitiasyon kap vinn pi grav ou sizoka paske rejim Assad la refize negosye.”
La Grande Bretay ak Lafrans se prensipal peyi kap plede pou yo ame rebèl siryen yo, tandiske Otrich ak Lasuèd pran tèt yon ti gwoup kap eseye evite leve anbago zam nan paske yo krenn sa kapab anpire sitiasyon gè sivil la nan Siri.
Inyon Ewopeyèn nan rekonèt Koalisyon Nasyonal Siryen an kòm reprezantan lejitim pèp siryen an e li ankouraje ak tout fòs gwoup la patisipe nan negosyasyon lapè yo. Gouvènman misye Assad la deja dakò «an prensip» pou l patisipe.
Minis afè etranjè Lasuèd la, Varl Bildt, di li gen espwa yo va jwenn yon solisyon politik… e l lanse avètisman pou di « moman an pa favorab pou voye zam nan Siri ».
Objektif Plan Etazini/Larisi a se reyini gouvènman siryen an ak opozisyon bò yon tab pou diskite kondisyon pou etablisman yon gouvènman tranzisyon nan Siri. Larisi reyafime yè apui li anfavè patisipasyon Iran nan Konferans lapè a. Tou 2 peyi yo (Iran ak Larisi, se alye Siri.