Accessibility links

Breaking News

Vag Atanta Mèkredi ann Irak - Bilan: Omwen 20 Moun Mouri


Otorite irakyen ak sous lopital yo nan Irak fè konnen yon seri eksplozyon nan Baghdad ak nan lòt vil peyi a pran lavi omwen 20 moun e blese plis pase 65 lòt.

Atak ki touye plis moun nan fèt nan vil Kirkuk ki sitiye nan nò Irak, kote 2 machinn pyeje sote ansanm ak yon bonm ki te plase sou yon wout e ki te vize konvwa chèf lapolis lokal la detwi lavi 9 kretyen-vivan.

Nan kapital la, Baghdad, eksplozyon divès machin pyeje nan plizyè katye chiyit, lakòz omwens 8 kretyen-vivan pèdi lavi yo.
XS
SM
MD
LG