Yon komite Nasyonzini fè konnen sanksyon komèsyal, finansye ak anbago zam Konsèy Sekirite a mete an plas kont Kore di Nò a jennen seryezman pwogram nikleyè gouvènman peyi sa a.
Nan yon rapò Ajans Nouvèl Reuters egzamine, komite a di sanksyon yo pa fè Kore di Nò sispann fabrike misil ak zam nikleyè, se vre ; men yo rive koupe sou fon-lajan ki ta kapab sèvi nan depans pou pwogram zam sa yo.
Daprè Ajans Nouvèl Reuters, komite a di Kore di Nò sèvi avèk blanchiman lajan e li louvri kont-an-bank nan peyi kote lwa ak règleman yo fèb, yon fason pou l evite konsekans sanksyon yo.