Accessibility links

Breaking News

Yon Pwojè Rezolisyon sou Siri Devan Asanble Jeneral l’ONU


 Katye Jeneral Nasyon Zini nan New York
Katye Jeneral Nasyon Zini nan New York
Nan New York, Asanble Jeneral Nasyon Zini an pare pou l vote, nan jounen mèkredi 15 me 2013 la, sou yon pwojè rezolisyon ki kondane vyolans kap dewoule nan Siri a e ki fè gouvènman Prezidan Bashar al-Assad la egzijans pou l kite anketè entènasyonal al fè envestigasyon sou sitiyasyon an.

Rezolisyon sa a pa genyen fòs yon lwa e se peyi Katar, youn nan Emira yo, ki te prepare li. Dokiman an byen akeyi kowalisyon elaji opozisyon siryèn nan mete sou pye a; paske, daprè sa ki di nan pwojè rezolisyon an, kowalisyon sa a reprezante yon patisipan lejitim nan dyalòg ki nesesè pou jwenn yon tranzisyon politik nan Siri. Dokiman an mande tou pou rejim Assad la bay yon ekip anketè Nasyon Zini tout libète pou l al mennen envestigasyon sou nouvèl ki di belijeran yo te itilize zam chimik nan lagè sivil kap dewoule nan peyi a.
XS
SM
MD
LG