Accessibility links

Breaking News

Chita Pale ant Washington ak Kaboul sou sitiyasyon an nan Afganistan


Prezidan Afganistan, Hamid Karzai, fè konnen li pare pou l kite Lèzetazini bati 9 baz nan peyi li aprè pi fò twoup entènasyonal yo va fin pati ane pwochèn nan ; men li ta renmen jwen kèk garanti pou ekonomi ak sekirite Afganistan.

Otorite 2 peyi yo ap fè chita-pale depi lontan sou yon akò bilateral avèk objektif pou yo fikse kèk kondisyon pou prezans militè Lèzetazini nan Afganistan aprè 2014.

Pandan msye Karzai tap pale nan yon seremoni ki dewoule nan Kaboul, li di chita-pale kap fèt ant Washington ak Kaboul yo antre nan yon faz enpòtan kounye a.

Msye Karzai kontinye pou l di li byen kapab kite lame Lèzetazini pran kontwòl 9 baz sou tout teritwa afgan an ; yo ka enstale youn nan yo tou prè fwontyè peyi a ak Pakistan epi yon lòt tou prè fwontyè irano-afgan an.

Sepandan, Misye karzai di Washington dwe satisfè egzijans Kaboul poze pou estalasyon baz sa yo.
XS
SM
MD
LG