Accessibility links

Breaking News

“ Fanmi Lavalas Vinn Pi Fò, Pi Puisan" Deklarasyon ansyen Prezidan Jean-Bertrand Aristide


Ansyen Prezidan Jean-Bertrand Aristide soti nan yon silans 2 zan kote li abòde kèk nan pwen ki nan aktyalite a nan peyi Dayiti . Nan deklarasyon sa a lidè ayisyen an fè sou plizyè radyo nan Pòtoprens te tou pwofite pale sou fòs ak puisans pati l la Fannmi Lavavas.

Ansyen prezidan Ayisyen, Jean-Bertrand Aristide, soti nan silans jedi 9 me a , yon jou apre li te reponn kesyon lajistis sou lanmò jounalis Jean L. Dominique ak Jean-Claude Louissaint, kote li abode plizye kesyon kap domine aktyalite a nan yon deklarasyon li fè sou 6 radyo nan kapital la, Pòtoprens. « Fòs ak puisans politik pati Fanmi Lavalas » ak « Pwoblèm grangou kap sakaje popilasyon ayisyèn nan » se 2 pami prensipal pwen asyen pè-prezidan an te abòde nan rankont li ak laprès nan rezidans prive l , nan Tabarre nan pati Nò kapital la .

Klike sou ikon agoch la pou koute yon repòtaj korespondan nou Clarens Renois depi Potoprens.
XS
SM
MD
LG