Accessibility links

Breaking News

Kriz nan Siri – Assad ap Pati ou pap Pati ? - Opinyon Sekretè Deta Kerry


Sekretè Deta Lèzetazini an John Kerry (agoch) nan yon konferans pou laprès avèk Minis Afè Etranjè Larisi a, Sergei Lavrov, nan Moscou, Madi 7 me 2013 la.
Sekretè Deta Lèzetazini an John Kerry (agoch) nan yon konferans pou laprès avèk Minis Afè Etranjè Larisi a, Sergei Lavrov, nan Moscou, Madi 7 me 2013 la.
Sekretè Deta ameriken an, John Kerry, mete fen nan yon vizit li tap fè nan vil Moskou kote li te rankontre ak otorite ris yo, tou espesyalman kolèg li, Sergei Lavrov. Misye Kerry te pwofite okazyon an pou l di Lèzetazini apresye patisipasyon Larisi nan efò kap fèt pou jwenn yon solisyon pou kriz la nan Siri kote lame kap defann rejim prezidan Bashar al-Assad la ap goumen depi 2 zan ak militan rebèl ki vle ranvèse rejim nan –yon batay ki kontinye fè anpil san koule. Chèf diplomasi amerikèn nan di:

“Genyen yon diferans dopinyon ant Larisi ak Lèzetazini sou kesyon pou konnen kilè e kijan Assad kapab pati; men mwen pa panse genyen yon diferans dopinyon sou kesyon pou konnen eske depa misye se yon bagay ki nesesè e menm innevitab pou n kapab jwenn yon solisyon.”

Bò kote pa l, Misye Lavrov, minis afè etranjè Larisi a, mete aksan sou sa l konsidere kòm yon nesesite pou militan rebèl siryen yo tou espesyalman – e opozisyon an an jeneral- antre nan negosyasyon dirèk ak gouvènman prezidan Assad la –yon nosyon ki, daprè Ii, pa tèlman jwenn apui bò kote kominote entènasyonal la jiskaprezan. Misye Lavrov deklare:

” Pandan mwa ki pase a, moun vin konprann plis chak jou ke genyen yon vrè menas ki va poze pou nou tout si statu quo a, si sitiyasyon aktyèl la pèsiste… si majorite manm kominote entènasyonal la kontinye bloke efò kap fèt pou jwenn yon dyalòg.”

Aprè vizit Sekretè Deta Kerry nan Moskou, li ale nan peyi Itali kote li rive byen bonè vandredi 10 me 2013 la. Nan yon konferans pou laprès li bay nan vil Wòm, li retounen sou dosye siryen an ak yon apèl prese-prese li lanse bay Larisi pou mande l pa vann yon sistèm defans anti-misil modèn ak rejim Assad la --yon lavant ki, daprè otorite ameriken yo, ta kapab genyen move konsekans pou sekirite peyi Izrayèl.
XS
SM
MD
LG