Accessibility links

Breaking News

Vyolans nan Bangladèch fè 15 Mò ak Plizyè Santèn Blese


Manm laprès ap ede yon polisye ki blese nan yon lese-frape ak militan gwoup Hefajat-e Islam la, an fas moske nasyonal la nan Daka - 5 me 2013.
Manm laprès ap ede yon polisye ki blese nan yon lese-frape ak militan gwoup Hefajat-e Islam la, an fas moske nasyonal la nan Daka - 5 me 2013.
Nan vil Daka, kapital peyi Bangladèch, lese-frape ki dewoule nannuit dimanch pou leve lendi, nan capital la Daka, ant manifestan ak lapolis, koze lanmò 15 moun omwen tandiske plizyè santèn lot blese.

Daprè lapolis, manifetasn ki tap reklame nouvo lwa ki anpeche moun komèt blasfèm kont relijyon islamik la, te voye kout-wòch sou ajandelòd yo byen ta dimanch, e polisye yo te reponn ak kout-bal an kawoutyou.

Radyo ak televizyon lokal fè konnen omwen 15 bonm atizanal eksploze tou prè katye-jeneral pati ki sou pouvwa a, an palan de Lig Awami a. Televizyon pase videyo ki montre gwo flanm ki tap monte nan syèl la sou tèt magazen ak plizyè douzèn machin ki pran dife, nan moman dè dizèn de milye manifestan te pran beton an. Anpil nan lari vil Daka yo te bloke.
XS
SM
MD
LG