Accessibility links

Breaking News

Pakistan-Vyolans: Asasina Yon Jij Denstriksyon Ki Te Sou Yon Dosye Enpòtan


Kat Jewografik Pakistan
Kat Jewografik Pakistan
Nan peyi Pakistan, daprè enfòmasyon lapolis pibliye byen bonè vandredi 3 me 2013 la, Mèt Chaudry Zulfikar, jij denstriksyon ki tap travay sou asasinan ansyen premye minis Benazir Bhuto ak yon atanta ak bonm ki te fèt an 2008, mouri anba bal asasen nan Islamabad.

Misye Zulfikar resevwa plizyè bal vandredi maten anba men moun sou motosiklèt ki te tire sou li. Yon gad-di-kò li blese nan sikonstans la, tandiske yon dam ki tap pase pèdi lavi l aprè machin jij la t al monte sou manmzèl.

Jij la tap dirije ankèt sou lanmò Madam Butho ki te tonbe anba bal asasen nan mwa desanm 2007 nan vil Rawalpindi, kèk semèn sèlmam aprè li te retounen nan peyi li aprè yon egzil li te enpoze pwòp tèt li. Lapolis poko arete pèsonn e lajistis poko voye pyès moun nan prizon non plis pou asasina ansyen premye minis a.

Daprè sa otorite yo di aprè lanmò Jij Chaudry Zulfikar la, misye te sou wout pou li t al tande kèk depozisyon nan kad ankèt sou lanmò Madam Butho a, lè li tonbe viktim atak yon asasen ki gen tan chape poul li.
XS
SM
MD
LG