Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Ekspozisyon Pwodui Agrikòl nan Okazyon Jounen Entènasyonal Travayè yo


Ann Ayiti, kontrèman ak ane pase yo, sektè sendikal la pat òganize manifestasyon nan okazyon jounen entènasyonal Travayè yo Mèkredi Premye Me a. Sepandan, gouvènman an mete sou pye yon ekspozisyon pwodui agrikòl pou sansibilize popilasyon an sou « nesesite pou li konsome lokal ».

Yon lòt kote, manm Kolèj Elektoral Ttanzitwa gouvènman Martelly-Lamothe la te enstale sa pa gen lontan, anonse pou jedi maten yon konferans pou laprès kote, daprè kèk sous, yo pral bay detay sou pwogram yo pou pwochen eleksyon yo.

Klike sou ikon ki agoch la pou w koute detay avèk korespondan nou Clarens Renois ki reponn kesyon Jean Robert Philippe sou pwen sa yo ak lòt kap domine aktyalite a ann Ayiti.
XS
SM
MD
LG