Accessibility links

Breaking News

Pèp Atravè Lemond ap Selebre Jounen Entènasyonal Travay La


Nan Liban, militan ap flote drapo nan yon manifestasyon ki make Jounen Entènasyonal Travay la nan lari vil Bewout -Foto premye me 2013.
Nan Liban, militan ap flote drapo nan yon manifestasyon ki make Jounen Entènasyonal Travay la nan lari vil Bewout -Foto premye me 2013.

Travayè nan anpil peyi sou planèt la ap pran beton an mèkredi premye me 2013 la nan okazyon Jounen Entènasyonal Travay la. Nan kèk peyi, travayè yo ap pwofite okazyon an pou yo mande ogmantasyon salè ak pi bon kondisyon travay.

Yon grèv sendika travayè, kap dewoule nan peyi Lagrès, paralize sèvis tren an ak lòt sikui nan sektè transpò piblik la nan kapital la, Atèn, kote manifestan yo ap pwoteste kont yon politik mare senti ekonomik ki, daprè yo, dire twò lontan.
Nan Lespay, kote to chomaj la monte rive 27 pou 100, travayè òganize manifestasyon pou yo fòse gouvènman an fè chanjman nan politik ekonomik peyi a.

Nan Filipin, manifestan ap pwoteste nan kapital la, Maniy, pou yo egzije gouvènman an adopte lwa ki pwoteje dwa anplwaye e bay plis garanti pou sekirite anplwa. Pa egzanp, yo ta renmen wè gouvènman an mete fen nan yon politik kote anplwaye kap travay sou kontra yo pa benefisye menm dwa oubyen sekirite travay ak anplwaye a plen tan e a tan pasyèl yo.

Nan peyi Kanbòdj, anplwaye yo mande manm palman peyi a ogmante salè minimòn nan pou ouvriye kap travay nan sektè fabrikasyon rad yo. Nan Istanboul, yon gwo vil nan peyi Turki, lapolis antre nan lese-frape ak manifestan ki t ap pran direksyon Plas Taksim nan kote popilasyon an abitye selebre Jounen Entènasyonal Travay la.

Ann Ayiti, nan akazyon fèt entènasyonal sa a -ki se Jounen Agrikilti tou nan peyi a- Depatman Agrikilti mete sou pye yon « Fwa Agrikòl Nasyonal » kote, antwòt, yo lanse yon gwo kanpay rebwazman avèk plizyè santèn moun kap plante yon pye bwa ki rele «morennga ».
XS
SM
MD
LG