Accessibility links

Breaking News

Kore di Sid Toujou Ouvè Pou Dyalòg sou Pak Endistriyèl Kaesong nan


Machin ak aparèy sid-koreyen, kap pati kite pak endisteryèl Kaesong nan, ap tcheke nan ladwann nò-koreyen (Foto: 30 avril 2013).
Machin ak aparèy sid-koreyen, kap pati kite pak endisteryèl Kaesong nan, ap tcheke nan ladwann nò-koreyen (Foto: 30 avril 2013).
Kore di Sid anonse li toujou dispoze fè dyalòg ak Kore di Nò pou yo jwenn yon solisyon pou pwoblèm ki poze nan pak endistriyèl Kaesong nan, yon enstalasyon tou lè 2 Kore yo ap administre. Minis inifikasyon sid-koreyen an, Ryoo Kihi-Jae, ki tap abòde dosye a byen bonè madi 30 avril 2013 la, deklare gouvènman nò-koreyen an ta dwe chanje pozisyon e aksepte fè negosyasyon sou mwayen pou yo pèmèt operasyon yo rekòmanse nan zòn pak la kote se 7 grenn anplwaye sid-koreyen sèlman ki rete.

Misye Ryoo kontinye pou l di òf Sewoul te mete devan Pyongyang, sa pa gen lontan, pou 2 Kore yo negosye sou posiblite pou yo relouvri pak Kaesong nan, se yon òf ki toujou sou tab la. Kore du Nò deside kenbe 7 anplwaye sid-koreyen ki tap travay nan pak endustriyèl la, paske, daprè sa otorite yo nan Pyongyang di, mesye sa yo genyen pou yo reponn kesyon sou taks yo pa ta peye e sou lajan yo ta fè nan konplèks Kaesong nan.
XS
SM
MD
LG