Yon delegasyon wo-nivo Lig Arab la kap vizite kapital Lèzetazini an, Washington DC, fè konnen li apiye prensip ki mande pou Izrayèl ak palestinyen yo fè negosyasyon sou avni fwontyè yo gras ak boukantay tèritwa. Aprè yon rankont Sekretè Deta ameriken an, John Kerry, fè lendi 29 avril 2013 la ak Premye Minis Katar la, li di li menm tou, li apiye yon inisyativ lapè Lig Arab la te soumèt an 2002 e ki pwopoze echanj sa a. Misye Kerry deklare :
“Lèzetazini ak delegasyon Lig Arab la mete yo dakò pou yo di lapè ant izrayèl ak palestinyen yo ta kapab sèvi koz sekirite, pwosperite ak estabilite nan Mwayen Oryan an, menm jan sa ka sèvi enterè komen rejyon an ak lemond antye.”
Bò kote pa l, Premye Minis Katar la, Sheik Hamad Bin Jassem al-Thani, pale pou l di delegasyon an apiye sa li rele “ echanj tè konparab e limite” a travè yon antant ke tou lè 2 pati konsène yo ta aksepte. Sheik Hamad Bin Jassem fè konnen:
“Delegasyon Lig Arab la deklare yon akò konsa ta dwe baze sou solisyon ki mande egzistans 2 eta a, daprè lizyè fwontyè ki te egziste jous nan dat 4 jen 1967 la, avèk posiblite pou 2 pati yo fè echanj tèritwa sou yon baz limite.”
Deklarasyon Premye Minis Katar la montre gen chanjman nan inisyativ lapè ak Izrayèl Lig Arab la te toujou apiye pandan plizyè dizèn dane. Nouvo inisyativ la mande pou Izrayèl wete kò l sou tout tritwa li te vin okipe aprè lagè 1967 la epi retounen nan limit-fwontyè li te genyen anvan ane nou site a, kòm kondisyon pou l fè yon lapè total e konplè avèk tout manm lig la.