Nan Irak, yon seri machin pyeje ki esploze nan kèk zòn nan sant ak pati sid peyia --kote majorite popilasyon an se moun ki sòti an ras chiyit la-- touye 18 moun omwen, tandiske plis pase 5 lòt blese.
2 nan eksplozyon yo ki fèt lendi 29 avril la, rive nan vil Amara, sou yon distans 300 kilomèt ak kapital la, Bagdad, kote 9 moun pou pi piti pèdi lavi yo. Lòt vil ki touche yo se Diwaniya, Karbala avèk Mamoudiya.