Nan Washington, manm Kongrè a di Lèzetazini pa kapab kontinye fèmen je l pou tout tan sou yon peyi Siri kote otorite yo ta itilize zam chimik kont militan rebèl yo. Semèn pase a, La Mezon Blanch te fè depite ak senatè konnen li panse gouvènman prezidan Bashar al-Assad la itilize yon ti kantite yon gaz chimik ki rele “sarin” nan konba kont militan kap chache kapòte rejim nan.
Nouvèl sa a te pwovoke gwo reyaksyon bò kote palmantè ameriken yo ki kontinye pale de sitiyasyon an nan Siri nan pwogram kesyon-repons chèn televizyon dimanch 28 avril 2013la. Senatè John McCain (Repibliken Eta Arizona) pale sou dosye a nan pwogram Meet the Press sou NBC. Sanatè McCain deklare:
“Nou ta dwe ame rebèl yo; nou dwe asire n ke nou apiye pwogram pou refijye yo; fòk nou prepare tou pou n patisipe nan yon fòs entènasyonal ki pou ale laba a epi mete an sekirite pil zam chimik sa yo (si se pa petèt zam biyolojik). Nou pa ka kite zam konsa tonbe anba men militan islamik yo.”
Jiskaprezan, Lèzetazini bay mouvman rebèl la yon asistans ki pa gen zam ladan n. Administrasyon Obama a reziste devan tout apèl ki mande pou Lèzetazini fè yon entèvansyon dirèk nan Siri; paske --daprè previzyon Washington-- rejim prezidan Assad la gen pou l tonbe kanmèm yon jou, kèlkeswa aksyon Lèzetazini pran oubyen pa pran.