Accessibility links

Breaking News

Gouvènman Kore di Sid la Konvoke Anbasadè Japon an


Nan Kore di Sid, otorite yo konvoke anbasadè peyi Japon an nan Sewoul pou yo pwoteste kont yon vizit palmantè ak responsab japonè te fè, sa pa gen lontan, nan yon tanp anpil moun konsidere kòm senbòl yon pase kolonyal kote Japon te okipe preskil Kore a --yon tanp ki pa sispann kreye pawòl-anpil ant 2 peyi yo.

Mèkredi 24 avril la, plis pase 160 palmantè japonè t ale nan Tanp Yasukini a pou yo rann omaj pou 2 milyon 500 japonè ki te viktim lagè peyi a te livre –pami yo genyen swadizan kriminèl ki te patisipe nan 2èm Gè Mondyal la.

3 minis nan gouvènman japonè a te fè yon jès menm jan semèn pase a nan yon tanp ki nan katye Shinto, nan Tokyo.

Kore-di-Sid ak Lachin, ki se prensipal viktim agresyon Japonè yo pandan 2 gè mondyal yo, toujou pwoteste kont kalte vizit sa yo .
XS
SM
MD
LG