Accessibility links

Breaking News

Aksidan nan Bangladèch: Yon Gwo Bilding Tonbe - Omwen 70 Moun Mouri


Yon ponpye ap pote yon anplwaye izin fabrikasyon rad ki blese apre bilding nan fin tonbe nan katye Savar, tou pre Daka (24 avril 2013).
Yon ponpye ap pote yon anplwaye izin fabrikasyon rad ki blese apre bilding nan fin tonbe nan katye Savar, tou pre Daka (24 avril 2013).
Nan vil Daka, kapital Bangladèch, otorite yo fè konnen yon batiman 8 etaj tonbe nan vil la kote 70 moun pou pi piti pèdi lavi yo tandiske plizyè santèn lòt blese.

Daprè menm sous la, ekip dijans yo kontinye ap fouye nan debri yo nan yon santdacha ki rele Rana Plaza Shopping Center, nan katye Savar, pou wè si yo ta jwenn moun ki rete bloke anba restan batiman an kote yon bank, divès magazen ak yon izin fabrikasyon rad tap opere.

Batiman ki nan Daka yo oubyen alantou vil sa a gen repitasyon kòmkwa yo pa respekte règleman konstriksyon. Sa gen 8 tan, plizyè douzèn moun te mouri lè yon izin fabrikasyon rad te efondre nan menm zòn nan.
XS
SM
MD
LG