Otorite nan peyi Canada fè konnen yo arete 2 nèg ki anba akizasyon deske yo ta mele nan konplo pou atake yon estasyon tren nan Toronto gras a apui branch al-Qaida nan peyi Iran. Non 2 mesye yo se Chiheb Esseghaier ki gen 35 an, avèk Raed Jaser, ki genyen 30 ane; youn ap viv nan Montreal e lòt la nan Toronto.
Polis woyal Kanada a, ki anonse nouvèl la lendi 22 avril 2013 la, fè konnen yo te rive mete men sou 2 nèg yo gras a konkou otorite Lèzetazini. Lajistis ap resevwa depozisyon 2 konplotè sa yo madi. Daprè denye nouvèl yo, Iran demanti ke li ta genyen yon rapò kèlkonk avèk 2 akize yo.