Accessibility links

Breaking News

Etazini/Jistis: Otorite yo Akize Dzhokhar Tsarnaev Ofisyèlman pou Eksplozyon Boston yo


Foto 2 sispèk yo tou pre liyn darive a nan Maraton Boston an, lendi 15 avril 2013. (Koutwazi Bob Leonard)
Foto 2 sispèk yo tou pre liyn darive a nan Maraton Boston an, lendi 15 avril 2013. (Koutwazi Bob Leonard)
Ozetazini, otorite yo akize youn nan 2 atakan ki te simaye latèrè nan maraton vil Boston an lendi 15 avril 2013 la e ki vivan toujou, deske li te itilize zam pou l komèt asasina pa bann e pa pakèt –yon akizasyon ki ka debouche sou kondanasyon amò si lajistis jwenn sispèk la koupab deske li responsab lanmò 3 moun epi lakoz plis pase 170 lòt blese.

Sispèk la --ki genyen 19 van e ki rele Dzhokhar Tsarnaev- tande akizasyon an lendi 22 avril la pandan yon rankont ak otorite lajistis ki fèt nan chanm lopital akize a, kote misye ap reprann li anba divès koutzam li te resevwa. Dzhokhar Tsarnaev gen ajan polis kap siveye li nan lopital la kote li pa gen kapasite pou l pale ak anketè yo; nouvèl yo fè konnen se alekri li reponn kesyon yo.

Pandansetan, gouvènè Eta Massachusetts la, Deval Patrick, te pran tèt yon seremoni kote li-menm ak moun nan tout vil Boston te obsève yon moman silans nan lè egzat kote premye eksplozyon an te fèt sa gen 8 jou lendi -swa a 2 zè 50 de lapre-midi. Gouvènè Patrick deklare :

« Mèsi tout moun. Se pou Bondye beni pèp Massachusetts la; Boston toujou fò.”

Yon lòt kote, sou campus Inivèsite Boston an, yon sèvis souvni dewoule tou nan memwa yon etidyant ki se youn nan 3 moun ki te mouri nan eksplozyon ki te fèt nan maraton an. Non viktim sa a se Lu Lingzi, yon jenn chinwaz ki tap patisipe nan kous la. Doktè Robert Allan Hill, dwayen inivèsite a, pale pou l di :

«Bra inivèsite a long ase pou l anbrase lemond antye. Men kè li pre ase pou l santi ak yon lapenn sensè pèt youn nan moun pa nou. Nou menm, nou tout ki prezan la a, nou fè pati kè sa a ki tèlman pre viktim nan. Wi, prezans nou gen enpòtans li. » ….

Atakan ki vivan toujou a, Dzhokhar Tsarnaev, gen tou pou l reponn akizasyon dèske li te sèvi ak malis pou l detrui pwopriyete prive. Premye fwa li gen pou l parèt nan tribinal se le 30 me pwochen.
XS
SM
MD
LG