Accessibility links

Breaking News

Viktwa Kandida Sant Dwat Horacio Cartes nan Eleksyon Prezidansyèl Paraguay a


Nan Paraguay, Horacio Cartes ranpòte eleksyon prezidansyèl yo ki te dewoule dimanch 21 avril la; li ranplase ansyen evèk katolik Fernando Lugo yo te trennen devan la jistis ane pase paske li pat bay bon pèfòmans.

Msye Cartes ki se yon gwo òm dafè ki fè fòtunn ni nan operasyon bankè ak Tabak pwomèt pou l kreye travay nan yon peyi kote prèske 40 pou san nan popilasyon an ap viv pi nan mizè ki pi malouk la.

Eleksyon msye Cartes la se yon viktwa pou pati Colorado a, yon pati sant dwat, sou pati advèsè li a, Efrain Alegre, kandida pati gochis liberal la ki te kontwole ansyen gouvènman an.

Msye Cartes te ranmase 46 pou san vwa yo tandiske msye Alegre ranpòte 37 pou san.

Nouvo prezidan an pral fè fas a gwo defi tankou repare ekonomi Paraguay, kreye travay , konbat trafik ak kontrebann dwòg epi koripsyon .
XS
SM
MD
LG