Anketè ameriken yo fè konnen yo arete yon sispèk nan kad afè lèt anpwazonnen enkoni te voye bay prezidan ameriken an, Barack Obama.
FBI (Ajans Surete federal Etazini-a), di yo arete Paul Kevin Curtis, 45 an, yè mèkredi a nan Corinth, Mississipi e lap fè fas ak akizasyon tantativ asasinay sou prezidan Etazini an e sou lòt moun. Si lajistis jwenn li koupab , li kapab resevwa yon santans 15 zan prizon.
Antretan, Ajans nouvèl Associated Press, rapòte yon responsab nan Sena Etazini an di ‘yon laboratwa prive konfime te gen “risen” nan yon lèt swadizan Curtis te voye bay Senatè Mississipi a, Roger Wicker.
Associated Press di yon ajan nan Sena a ki genyen otorizasyon pote zam, Terrance Gainer, di « risen » yo dekouvri nan yon enstalasyon kote yo triye lèt nan Eta Maryland nan, pa kapab sèvi pou mete nan zam.