Accessibility links

Breaking News

Etazini-Diplomasi : Vizit Sekretè Deta John Kerry nan Tokyo


Minis afè etranjè japonè a, Fumio Kishida, ap akeyi Sekretè Deta John Kerry (agoch) anvan yo fè chita-tande nan lokal Ministè Afè Etranjè a nan Tokyo (14 avril 2013).
Minis afè etranjè japonè a, Fumio Kishida, ap akeyi Sekretè Deta John Kerry (agoch) anvan yo fè chita-tande nan lokal Ministè Afè Etranjè a nan Tokyo (14 avril 2013).
Sekretè deta ameriken an, John Kerry, rankontre nan Tokyo avèk premye minis japonè a, Shinzo Abe, sou dènye jou yon virewon li tap fè nan 3 peyi zzyatik (Kore di Sid, Lachin ak Japon), yon virewon ki te santre sou tansyon kap monte sou preskil Kore a.

Lendi 15 avril 2013 la, Misye Kerry di li menm ak otorite li rankontre yo fè kèk pwogrè enpòtan nan domèn sekirite sou entènèt la, chanjman klimatik yo e sou nesesite pou yo montre solidarite pou yo fè fas ak menas Kore di Nò poze sou preskil la.

Chèf diplomasi amerikèn nan fè chita-tande ak lidè japonè a aprè yon rankont ak yon gwoup etidyan nan enstiti teknoloji Tokyo a, kote li di gouvènman nò-koreyen an gen responsabilite pou l pran dispozisyon enpòtan pou l respekte angajman li deja pran yo. Misye Kerry ajoute Kore di Nò dwe obsève lwa ak prensip ki reji konpòtman entènasyonal.

Aprè yon rankont avèk minis afè etranjè japonè a, Fumio Kishida, dimanch 14 avrilla, sekretè seta ameriken an bay yon konferans pou laprès kote li di Washington vle negosye avèk Kore di Nò pou yo ka jwenn yon rezolisyon pasifik, si Pyongyang pran dispozisyon ki nesesè pou l abandone pwogram zam nikleyè li a.
XS
SM
MD
LG