Ajans Nasyon Zini pou Refijye a fè konnen li genyen gwo kè-sote devan gwo kantite refijye siryen ki, daprè sa ajans li di, ap kite Jòdani pou yo retounen nan peyi yo.
Pòtpawòl Wo Komisarya l’ONU pou Refijye a, Melissa Fleming --ki tap abòde dosye a vandredi 12 avril 2013 la-- deklare depi kòmansman mwa a, anviwon 3 mil refijye travèse fwontyè a nan zòn pwovens Daraa pou yo kite Jòdani e retounen lakay yo.
Madam Fleming atire atansyon sou le fèt ke pwovens Daraa toujou reprezante yon zòn konba e ajans lap dirije a pè pou sekirite moun kap retounen yo.