Accessibility links

Breaking News

Human Rights Watch Denonse “Atak IIegal” nan Peyi Siri


Gwoup defans dwa moun, Human Rights Watch, fè konnen gouvènman siryen an ap lanse atak ilegal, ki fèt esprè e san diskriminasyon sou popilasyon sivil la e li ankouraje kominote entènasyonal la mete presyon sou rejim Damas la pou l sispann atak sa yo.

Gwoup la pibliye yon rapò kote li bay detay sou 59 atak ayeryen ki te fèt nan zòn ki anba kontwòl opozisyon an nan vil Alèp, Idlib ak Latakia ant mwa Out ak mwa desanm 2012.

Human rights Watch di kèk nan atak sa yo frape boulanje ak lopital, yo touye 152 sivil e sanble sa fè pati yon kanpay sistematik ki tonbe nan kad krim kont limanite.

Daprè rapò a toujou, nan atak ayeryen sa yo te gen itilizasyon bonm, avyon konba san gid ak elikoptè ki te vole byen wo san yo pat gen kapasite pou yo fè diferans ant sivil ak konbatan sou teren an.
XS
SM
MD
LG