Accessibility links

Breaking News

Iran Deklare Lap Ouvri 2 Izin Eksplwatasyon Iranyòm


Iran anonse l ap ouvè 2 izin ekstraksyon iranyòm ak pwodiksyon "Yellow Cake" nan pwovens Yazd nan sant peyi a.

Medya leta rapòte responsab yo pral transfòme iranyòm yo va ekstrè nan minn nan pou yo fabrike "yellow cake" --yon pwodui yo ka konvèti e anrichi pou l tounen gaz nikleyè.

Iran di 2 enstalasyon sa yo ka pwodwi plis pase 60 tòn iranyòm konsantre pa ane. Anons sa a parèt nan moman Iran ap make Jou Nasyonal Teknoloji nikleyè lakay li.
XS
SM
MD
LG