Accessibility links

Breaking News

Kenya: Prestasyon Sèman Uhuru Kenyatta Kòm nouvo Prezidan Peyi a


Prezidan Kenya a, Uhuru Kenyatta, prete sèman nan yon seremoni kote plizyè milye moun t ap bat bravo, pandan yo te leve drapo an lè nan yon stad nan capital la, Nayewobi.

Misye Kenyatta di: "mwen pral pwoteje e defann souverente, entegrite, ak diyite pèp Kenya a, ke Bon Dye ede m nan sa.”

Seremoni prestasyon sèman sa a se rezilta eleksyon pasifik ki te fèt nan mwa mas pase a, kote msye Kenyatta te ranpòte la viktwa sou premye minis sòtan an, Raila Odinga.

Nouvo prezidan an prwomèt pou l travay pou ameliore lavi tout sitwayen Kenya yo. Plizyè chèf deta afriken te asiste seremoni an, gen kèk peyi oksidantal ki voye anbasasè yo alòske yo limite kontak yo avèk nouvo gouvènman an akoz akizasyon ki toujou ap peze sou do l nan tribinal penal entènasyonal .

Msye Kenyatta ap fè fas ak akizasyon krim kont limanite poutèt li te swadizan ede òganize vyolans etnik aprè eleksyon nan ane 2007 -zak vyolans ki lakoz plis pase 1100 moun pèdi la vi yo e 600 mil lòt deplase. Pwosè a gen pou l kòmanse nan mwa jiyè 2013 la.
XS
SM
MD
LG