Nan Kore di Nò, otorite yo mande etranje kap viv nan Kore di Sid kite peyi sa a devan posiblite yon konfli militè ; se yon menas an plis Kore di Nò fè kòmkwa lagè ka pete sou Preskil Kore a.
Ajans nouvèl ofisyèl Kore di Nò pibliye yon deklarasyon ki sòti madi 9 avril 2013 la nan Komite Lapè Azi-Pasifik rejim nan, kote gouvènman Kim Jong Un nan bay touris ak antreprenè etranje ki nan Kore di Sid yo, konsèy pou yo pati kite pati sid preskil la. Deklarasyon an di –nap site: “Nou konseye yo pran dispozisyon pou yo pati kite Sewoul ak Kore di Sid pou pwòp sekirite yo”. Semèn pase a Kore di Nò te lanse yon apèl menm jan an pou manm pèsonèl anbasad ki nan kapital li a, Pyongyang.
Pandansetan, anplwaye nò-koreyen ki tap travay nan pak endistriyèl Kaesong nan (ki tou prè fwontyè 2 peyi yo, men sou tèritwa nò-koreyen an --yon pak endistryèl 2 peyi yo tap opere ansanm), eben, anplwaye nò-koreyen yo pat al travay madi, aprè gouvènman an nan Pyongyang te deside sispann tout operasyon nan konplèks la. Sa vin elimine dènye kanal echanj ekonomik dirèk ki te egziste ant 2 peyi yo.