Accessibility links

Breaking News

Venezuela - Eleksyon : Pèp la Pare pou Eli Siksesè Defen Prezidan Hugo Chavez


O Venezuela, 2 kandida nan kous prezidansyel la antre nan dènye semèn kanpay yo anvan pèp Venezuelyen an chwazi yon siksesè pou defen Hugo Chavez.

Samdi ki sot pase a, plizyè milye patizan te patisipe nan meeting elektoral 2 kandida yo . Prezidan pwovizwa a, Nicolas Maduro te re-asire patizan yo nan eta Amazonas ke vizyon msye Chavez la pap pèdi.

Kandida opozisyon an, Henrique Capriles ki ap trennen dèyè msye Maduro nan sondaj yo di yon foul ki te chofe nan eta Falcon , li pral konbat koripsyon e li pral pwoteje pwogram sosyal yo.

Msye Caprilès te pèdi devan msye Chavez nan mwa Oktòb ane pase e lap fè fas ak yon lot defi pou l tope kòn ni avèk msye Maduro nan eleksyon ki gen pou dewoule dimanch 14 avril la nan peyi Venezuela.
XS
SM
MD
LG