Accessibility links

Breaking News

Netwayaj la Kontinye ann Ajantin apre yon Inondasyon ki Pran Lavi 57 Moun


Ann Ajantin, responsab yo kontinye ap fè netwayaj vandredi 5 avril 2013 la nan moman peyi a ap obsève 3 jou dèy nan memwa 57 moun ki mouri nan inondasyon ki frape peyi sid-ameriken an akoz lapli ki pa sispann tonbe nan semenn nan .

Responsab yo di yo jwenn pi fò viktim yo nan vil La Plata e yo dekouvri kèk lòt tou pre kapital la, Bunezèr.

Jedi 4 avril la, moun La Plata yo montre kijan yo pa kontman ak repons gouvènman an. Dlo potab pa ase e plizyè milye moun toujou ap viv nan blakawout.

Gouvènman Prezidan Christina Fernandez la voye plis polisye, pèsonèl militè ak travayè sosyal nan vil la pou apiye efò kap fèt pou repare dega yo .
XS
SM
MD
LG