Accessibility links

Breaking News

Yon Lòt Rankont Entènasyonal sou Pwogram Nikleyè Iranyen an


Delege Iranyen, ki gen nan tèt yo prensipal negosyatè peyi a Saeed Jalili (adwat), ap patisipe nan rankont ak ofisyèl wo-plase Lèzetazini, Lagrann Bretay, Lafrans, U.E., Lachin, Lalmay ak Larisi sou pwogram nikleyè Iran an nan Kazaktan (5 avril 2013).
Delege Iranyen, ki gen nan tèt yo prensipal negosyatè peyi a Saeed Jalili (adwat), ap patisipe nan rankont ak ofisyèl wo-plase Lèzetazini, Lagrann Bretay, Lafrans, U.E., Lachin, Lalmay ak Larisi sou pwogram nikleyè Iran an nan Kazaktan (5 avril 2013).
Nan peyi Kazakstan, pandan 2 jou (vandredi ak samdi 5 ak 6 avril 2013), vil Almaty ap sèvi kòm syèj negosyasyon kap dewoule ant delege puisans mondyal yo ak reprezantan peyi Iran sou pwogram nikleyè iranyen an.

Chita-tande yo tanmen vandredi ant 5 manm pèmanan Konsèy Sekirite l’ONU yo plis l’Almay, epi negosyatè Iran. Michael Mann, pòtpawòl Catherine Ashton, chèf politik etranjè Unyon Ewòp la, fè laprès konnen 6 manm gwoup entènasyonal la espere Iran va pote repons pou pwopozisyon yo te mete devan li nan mwa fevriye pase a. Misye Mann deklare:

« Sa nou espere, sè ke pati iranyen an va vinn jwenn nou avèk yon repons klè e konkrè pou pwopozisyon nou te mete devan n nan kad efò nap fè pou n kreye yon anviwonnman kote, pou kòmanse, nou tabli konfyans an 2 kan yo. »

Pami pwopozisyon gwoup la fè yo, genyen demand pou Iran fèmen yon enstalasyon nikleyè lakay li, epi elimine depo iranyòm anrichi li posede yo, kòm kondisyon pou l resevwa pèmisyon pou l vann kèk pwodui ki anba sanksyon entènasyonal jounen jodi a. Jedi 4 avril la, prensipal negosyatè iranyen an, Saeed Jalili, te fè egzijans pou puisans mondyal yo rekonèt dwa Iran genyen pou l anrichi iranyòm.

Lèzetazini ak kèk alye akize Iran deske lap anpile iranyòm ki anrichi anpil-anpil nan kad yon pwogram anba chal li genyen pou l fabrike bonm atomik. Daprè yon otorite ameriken wo-plase ki tap pale sou dosye a mèkredi, puisans mondyal yo ta renmen wè Iran bay sa li rele “yon repons konkrè e detaye” pou pwopozisyon yo. Otorite ameriken sa a te repete yon deklarasyon administrasyon Obama a te fè pou di gouvènman Lèzetazinian ta pi pito sèvi ak diplomasi pou l rezoud mesantant la; men lap kite tout opsyon sou tab la pou l jere sitiyasyon an.
XS
SM
MD
LG