Accessibility links

Breaking News

Plis Tansyon sou Preskil Kore a: Entèdiksyon Mouvman Sitwayen Sid-Koreyen nan Pak Endistriyèl Kaesong nan


Kèk manm lame Kore di Nò a ap asiste yon defile kont Lèzetazini ak Kore di Sid nan vil Nampo, nan Kore di Nò (3 avril 2013).
Kèk manm lame Kore di Nò a ap asiste yon defile kont Lèzetazini ak Kore di Sid nan vil Nampo, nan Kore di Nò (3 avril 2013).
Kore di Nò pan desizyon pou l entèdi plizyè milye anplwaye sid-koreyen antre-sòti nan pak endistriyèl Kaesong nan ki sou fwontyè 2 Kore yo –yon desizyon ki ka koupe dènye liyn kominikasyon ant 2 peyi yo.

Minisitè inifikasyon Kore di Sid la, ki resevwa nouvèl la nan kòmansman jounen mèkredi 3 avril 2013 la, fè konnen li pa gen enfòmasyon sou kesyon pou konnen konbyen tan entèdiksyon sa a pral dire. Pòtpawòl minister a, Kim Hyung-Seok, di sekirite anplwaye sid-koreyen yo se piyorite gouvènman Seoul la. Misye Kim deklare:

”Desizyon Kore di Nò pran pou l entèdi anplwaye yo antre nan pak endistriyèl la se yon gwo obstak pou jesyon zòn nan. Nou lanse yon apèl prese-prese bay gouvènman an nan Pyongyang pou l nòmalize sitiyasyon an imedyatman nan pak endustriyèl Kaesong nan.”

Sepandan, otorite nò-koreyen yo pèmèt yon afè de 800 anplwaye sid-koreyen pati kite pak la. Gouvènman an nan Seoul fè konnen, si entèdiksyon sa a dire lontan, nan yon ti tan sèlman anplwaye sid-koreyen yo byen kapab pa genyen materyèl pou yo travay, ni manje pou yo manje.

Desizyon sa a se pi gwo menas ki poze jiskaprezan pou operasyon konplèks endistryèl la ki te ouvè nan lane 2004 e ki pèmèt Kore di Nò fè echanj komèsyal kote li antre yon afè de 2 milya dola chak ane.

Pyongyang poze aksyon sa a kèk èdtan sèlman aprè chèf diplomasi amerikèn nan, John Kerry, te lanse avètisman bay Kore di Nò pou di l pinga li fè plis menas, ni poze plis zak pwovokasyon. Sekretè Deta a te abòde dosye a nan yon konferans pou laprès li bay madi ansanm ak minis afè etranjè Kore di Sid la, Yun Byung-Se, ki tap vizite Washington. Misye Kerry di:

“Nan 2 zou 3 jou ki pase yo, nou tande yon bann ak yon pakèt deklarasyon innakseptab nan bouch gouvènman nò-koreyen an. Alòs, kite m pale klè Jodi a pou m di Lèzetazini pral pwoteje e defann tèt li, menm jan li pral pwoteje e defann trete li siyen ak alye li, Kore di Sid. Minis afè etranjè sid-koreyen an avèk mwen, nou rete kwè li enpòtan anpil-anpil pou n fikse atansyon nou sou yon objektif nou pataje, ki se lapè ak estabilite sou preskil Kore a, yon preskil ki pa gen zam nikleyè sou li.”

Nan menm konferans pou laprès sa a, chef diplomasi Lèzetazini an lanse apèl bay Kore di Nò pou l mande l retounen bò tab negosyasyon ant 6 pati ki tap fèt sou pwogram nikleyè l la. Nan kòmansman jounen madi a, Kore di Nò te anonse li pral relouvri estasyon Yongbyon nan, yon sant nikleyè li te fèmen nan lane 2007, avèk objektif pou l fabrike plis zam nikleyè epi rezoud pwoblèm mank elektrisite ki poze nan peyi a. Sa gen 6 zan anviwon, Pyongyang te aksepte kanpe tout operasyon nan sant sa a nan kad yon akò sou denikleyarizasyon preskil la ki te pèmèt li resevwa asistans ekonomik nan men kominote entènasyonal la.
XS
SM
MD
LG