Accessibility links

Breaking News

Afrik di Sid : Eta Sante Nelson Mandela Amelyore; Men li Toujou Lopital


Otorite yo nan Afrik di Sid di ansyen lidè mouvman anti-apratheid la, Nelson Mandela, kontinye fè « mye » nan yon lopital kote li entène pou yon enfeksyon nan pouman.

Pandan Prezidan Zacob Zuma tap pale ak Radyo BBC, nan Lond, li di Misye Mandela, ki gen 96 zan, pote l trè byen e pa gen rezon pou moun panike.

Anvan sa, Misye Zuma te di ansyen prezidan an « reyaji byen » ak tretman l ap resevwa yo ; men li toujou rete anba obsèvasyon doktè.

Misye Mandela te antre nan yon lopital yo pa idantifye nan sware mèkredi 27 mas 2013 la, apre li te rekòmanse soufri ak yon enfeksyon ki te oblije l pase plizyè jou lopital nan mwa desanm ane pase a.

Pandan ospitalizasyon sa a, doktè te fè l operasyon pou yo te wete pyè li te genyen nan vesi li. Prezidan Zuma swete ansyen lidè a –ki se yon loreya Pri Nobèl-- yon gerizon rapid e li di li plase gwo konfyans nan ekip medikal kap swiv pran swen predesesè l la.
XS
SM
MD
LG