Nan okazyon Jedi Sen an, Pap François lave e bo pye 2 jèn fi avèk 10 jèn gason nan yon seremoni ki dewoule nan yon prizon pou jenn moun nan vil Wòm, tou pre Vatikan .
Dapre tradisyon an, Legliz Katolik Womèn rezève rityèl sa a, jou Jedi Sen an, pou gason sèlman ki reprezante 12 apot yo. Vrèmanvre, Labib di Jezi te lave pye 12 apot li yo nan okazyon « dènye soupe a » yon jou anvan yo te kloure li sou kwa a .
Nan seremoni ki dewoule nan prizon pou jèn sa a, Pap François poze yon aksyon okenn lòt souvren pontif pat fè jiskela ; pap ki te vini avan l yo te pratike rityèl lavman-dè-pye a nan Bazilik Sen Jean de Latran an, nan vil Wòm.