Accessibility links

Breaking News

Opozisyon Siryèn nan Ap Voye yon Reprezantan nan Somè Lig Arab


Opozisyon siryèn nan ap voye pou premye fwa reprezantan li nan Somè Lig Arab la ---yon somè 2 jou ki ouvè nan Katar.

Mouaz al-Khatib okipe plas Siri a nan rankont sa a e li genyen pwojè pran lapawòl nan okazyon an .

Mesye al-Khatib te bay demisyonn, sa pa gen lontan, kòm responsab opozisyon Kowalisyon Nasyonal siryèn nan , men diplomat arab yo envite l ansanm ak premye minis pwovizwa a, Ghassan Hitto, pou reprezante Lasiri.

Syèj peyi Siri a te vid depi Lig Araba rab la te sispann stati manm Siri nan lane 2011, 8 mwa apre leve-kanpe kont prezidan Basahar al-Assad la---yon kriz ki la depi anviwon 2 zan.

Pi fò peyi manm Lig Arab la mande prezidan al-Assad demisyone nan tèt peyi a.

Pandanstan, Nasyonzini deside wetire anviwon 100 anplwaye etranje nan Siri akòz zak vyolans ki pa sispann vale-teren sou teritwa siryen an.

Responsab L’ ONU yo fè konnen demach sa a antre nan kad nouvo mezi, kote pifò nan pèsonèl k ap travay anba kontwòl anwaye espesyal lig Arab la, Lashkar Brahimi, pral kite Siri pou ale nan vil Lekèr ak peyi Liban.

Lòt 800 anplwaye ki nan Siri yo, se moun ki pral rete lakay yo pou yo travay. Pandan jou ki sòt pase yo, kapital siryèn nan, Damas, sibi anpil atak.

Lendi 25 mas la, pa egzanp, boulèt kanno ak mòtye al tonbe sou plas Umayyad, kote moun jwenn katye-jeneral lame peyi a, yon otèl ak yon bilding ki gen ladann yon estasyon televizyon leta.
XS
SM
MD
LG