Accessibility links

Breaking News

Prezidan Repiblik Santr’Afriken an Kouri Kite Peyi li


Nan Repiblik Santr’Afrik, prezidan dechouke François Bozize kouri kite peyi a pou l al pran azil nan Kamewoun aprè rebèl yo mete l atè, nonmen yon nouvo chèf deta e pwomèt pou òganize eleksyon nan 3 zan .

Otorite yo Kamewounèz yo, Yaounde, konfime prezidan Francois Bozize rive nan peyi a aprè l’ te kouri pou batay kote 13 sòlda Afrik Di Sid pèdi la vi yo.

Michel Djotodia chèf kowalisyon rebèl Seleka a nonmen tèt li nouvo lidè Repiblik Santr’Afrikèn nan e li deklare eleksyon pral dewoule nan 3 zan.

Lidè sivil opozisyon an, Nicolas Tiangaye, pral konsève pòs premye minis la, yon pòs li te okipe gras ak yon akò pataj pouvwa nan mwa Janvye pase a.

Moun nan kapital santr’afriken an, Bangui, di ni rebèl ni sivil ap fè anpil piyaj nan vil la. Sa fè plizyè jou depi rezidan yo pa gen ni dlo, ni kouran elektrik.
XS
SM
MD
LG